atis meteyer inosans mwen şarkı sözleri

Chat boule nan dlo Cho, li wè dlo frèt li kouri Akoz de sa'w sibi Ou wè tout gason dwe mouri Ou pran plezi, w' fè'm peye sa lòt moun fè'w Men malgré tou m' deside rete prè w' M'ap soufri Ak kouraj Soufri Ak yon jwa nan kè'm M'ap souri ba'w malgre sa'w fè'm Malgré tou mwen vle'w rete prè'w  Paske m' konnen, M konnen, M konnen Yon jou la jou Wi wa va konprann lanmou m'  Yon jou la jou  Wa va wè tout gason pa menm Yon jou la jou m'espere wete w' nan fènwè Inosans mwen pral prouve w' kijanm renmen w' Koral (Cheri M' son inosan,; ou wè m' son inosan) 2 fwa  Si se poum ale nan lanfè al chèche kè 'w (M pa pè) koral  Si poum nwaye nan dlo tristès ou poum sove 'w (M pa pè)  Si pou yo kloure mwen sou kwa pou'w libéré (M pa pè)  Jis pou'm pwouve'w kijan m' renmen  Montrew kijanm renmen w')  E montre'w tout gason pa menm... Koral (Chéri M son inosan) (Ou wèm son inosan) 1 fwa   W' refize renmen paske pake'w pè soufri Se komsi ou pa  Vle. Viv paske pè mouri À koz sa'w sibi fè kè'w vin pi di Ou vin pran plezi nan fe moun soufri. Cheriiiii W' te ouvè kè'w bay moun ki pat janm konprann ou Poutan lanmou'm pou ou te chità la, lap tann ou Yon jou la jou ,wi wa va di gen bon gason toujou
Sanatçı: Atis Meteyer
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:24
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Atis Meteyer hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı