balansofisyel913 nou pa gen kè şarkı sözleri
Nou pa gen kè
Chak jou-n kite-n tounen
Nou pa gen kè
Dèfwa nou mal, nou byen
Nou pa gen kè
Se vre n-ansanm men-n paka viv
Nou pa gen kè
Istwa lanmou-n son liv aswiv
Nou pa gen kè
M' paka konprann pouki-m la Toujou chak fwa-m anvi ale Mwen rete kole
Pou sam fè manzè, e pou sa li Fèm tou finalman son relasyon Finalman ki te dwe kraze
Viretounen nou kanpe sou fè kont
Vwazinaj yo di nou son bann sanwont
L-ap twonpe-m , m-ap Twonpe-l men nou tou de rannkont
Men n-ap bay lòt manti pou-n pase pou pi bon
Se pa ti blag relasyon-n trè Frajil , li konn pete tankou blad tap tap
Avanyè-m kwaze-l nan yon fant yon blòdè k-ap bal tap
Malgre-m wèl li pa etone
Se kòmsi manzè zonbifye-m
Lèm pale avè-l li fache
Li konn menm mande kite-m
Nou pa gen kè
Chak kou-n kite-n tounen
Nou pa gen kè
Dèfwa nou mal, nou byen
Nou pa gen kè
Se vre n-ansanm men-n paka viv
Nou pa gen kè
Istwa lanmou-n son liv aswiv
Nou pa gen kè
M' renmenl , li renmen-m sou Kèk pwen-n paka antann
Nenpòt ti bagay fè nou toulède konfonn
Relasyon-n yankou bè nan solèy midi-l konn fonn
Pou jan youn toujou ap fè lòt San nou pat atann
Malgre saw tande an nou damou anpil
Li konn di l-ap touye tèt li sim pa nan vil
Dèfwa nou boude, pi devan-n pral kontan
Fè lapli lanmoum tonbe kòmsi te gen tan
Aprè yon ti tan tout bagay pral chanje
Ou pral tande plenyen pap pa gen dlo Nan je
Yon moman jwa aprè solitid mete pye
Kè nou dechouke, epi lanmou-n piye
Ou ka twouve relasyon nou Biza men pou nou menm nou pa enkyè
Siw wè jiskaprezan n-ansanm Toujou de pa fòt nou, nou pa gen kè
Nou pa gen kè
Chak jou-n kite-n tounen
Nou pa gen kè
Dèfwa nou mal, nou byen
Nou pa gen kè
Se vre n-ansanm men-n paka viv
Nou pa gen kè
Istwa lanmou-n son liv aswiv
Nou pa gen kè