balansofisyel913 nou pa gen kè şarkı sözleri

Nou pa gen kè Chak jou-n kite-n tounen Nou pa gen kè Dèfwa nou mal, nou byen Nou pa gen kè Se vre n-ansanm men-n paka viv Nou pa gen kè Istwa lanmou-n son liv aswiv Nou pa gen kè M' paka konprann pouki-m la Toujou chak fwa-m anvi ale Mwen rete kole Pou sam fè manzè, e pou sa li Fèm tou finalman son relasyon Finalman ki te dwe kraze Viretounen nou kanpe sou fè kont Vwazinaj yo di nou son bann sanwont L-ap twonpe-m , m-ap Twonpe-l men nou tou de rannkont Men n-ap bay lòt manti pou-n pase pou pi bon Se pa ti blag relasyon-n trè Frajil , li konn pete tankou blad tap tap Avanyè-m kwaze-l nan yon fant yon blòdè k-ap bal tap Malgre-m wèl li pa etone Se kòmsi manzè zonbifye-m Lèm pale avè-l li fache Li konn menm mande kite-m Nou pa gen kè Chak kou-n kite-n tounen Nou pa gen kè Dèfwa nou mal, nou byen Nou pa gen kè Se vre n-ansanm men-n paka viv Nou pa gen kè Istwa lanmou-n son liv aswiv Nou pa gen kè M' renmenl , li renmen-m sou Kèk pwen-n paka antann Nenpòt ti bagay fè nou toulède konfonn Relasyon-n yankou bè nan solèy midi-l konn fonn Pou jan youn toujou ap fè lòt San nou pat atann Malgre saw tande an nou damou anpil Li konn di l-ap touye tèt li sim pa nan vil Dèfwa nou boude, pi devan-n pral kontan Fè lapli lanmoum tonbe kòmsi te gen tan Aprè yon ti tan tout bagay pral chanje Ou pral tande plenyen pap pa gen dlo Nan je Yon moman jwa aprè solitid mete pye Kè nou dechouke, epi lanmou-n piye Ou ka twouve relasyon nou Biza men pou nou menm nou pa enkyè Siw wè jiskaprezan n-ansanm Toujou de pa fòt nou, nou pa gen kè Nou pa gen kè Chak jou-n kite-n tounen Nou pa gen kè Dèfwa nou mal, nou byen Nou pa gen kè Se vre n-ansanm men-n paka viv Nou pa gen kè Istwa lanmou-n son liv aswiv Nou pa gen kè
Sanatçı: balansofisyel913
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 2:45
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
balansofisyel913 hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı