be wise13 peyi biznis (feat. jel509) şarkı sözleri
Un grand message à tous nos frères et soeurs
Vivant en Haiti ou à l'etranger
A toutes les religions
A tous les politiciens
A tous les policiers
A tous les bandits
A tous ceux qui ne croient pas à la positivité
A tous ceux qui n'aiment pas leur pays Haiti
A tous ceux qui n'ont pas la crainte de Dieu
Jodia mpran desizyon ouvè bouch mwen
Pale sat fèm mal pou sat bèbè
Mesye le president mesye les senateurs
Mesye les deputés mesye les avocats
Le premier ministre ainsi que les bandits
Li lè li tan pou'n suspann viv tankou bann kanibal
Nou pa gen lot music nou jwe chak jou ke vide bal
Nou touye inosan tankou zwazo ak fistibal
Lilè litan pou nou suspann
Volè richès pou nou ka vann
Peyi a vann men nou youn pa konprann
Chak leve mande bondye kilè sa va change
Peyi'n ap fin kraze menm malere pa ka manje
Latè pa ka pwodwi
Ti nèg ap fin peri
Gran nèg sèl mèt minwi
Espwa'n se pran la fwit
Menm pou manje li toun'on defi
Pi gro repaw pou yon jounen siw ka achetel son ti mayi di granmèt la mèsi
Chak jou map priye bondye pou sa change
Lilè litan leve kanpe pou'n fè peyin mache
Nou pran ase Yo vann fyèten
Nou di fok sa suspann nou pap ka rete 2 bra kwaze
Si nap gade depi kilè peyi nou an otaj
Fèmen tribò babò
Malere vin pi pòv
Tout espwa'n se lotbo
Pandann bay diaspora remò
Panse se nou ki pi fò
Epi fyète'n se fè dezòd
Se pa tann dat kat la ap mal bat
Plede ba moun bann fo espwa
Fou pou lajan avek pouvwa
Plede bay pèp manje fatwa
Hey
Mesye les dirigents mesye les politics
Men jiskilè na pran konsyans pou'n wè eta'n kritik
Pou dat nap fè, Bann fo profèt
Bann fo pastè, Bann kriminèl
Bann fout boujwa salòp
Nou roule ti pèp la tankou se nou ki jezikri
Plede ba yo manti, vòlè lajan, fè sakrifis
Legliz tounen biznis
Bòkò tounen biznis
Lekòl tounen biznis
Bandi tounen biznis
Lavi'n tounen biznis
Kidnapin tounen biznis
Pouvwa tounen biznis
Lapolis tounen biznis
Chak jou map priye bondye pou sa change
Lilè litan leve kanpe pou'n fè peyin mache
Nou pran ase ,Yo vann fyèten
Nou di fok sa suspann, nou pap ka rete 2 bra kwaze
Msonje lontan msonje peyi'm
Lavi te bèl , te gen respè
Te gen progrè te gen suksè
Te gen travay pat gen chomaj
Te gen lekòl pat gen dezòd
Te gen lanmou pat gen grangou
Mesye les dirijan
Mesye les politics
Men jiskilè na pran konsyans pou'n wè eta'n kritik
Pou dat nap fè, Bann fo profèt
Bann fo pastè, Bann kriminèl
Bann fout boujwa salòp
Nou roule ti pèp la tankou se nou ki jezikri
Plede ba yo manti , vòlè lajan , fè sakrifis
Legliz tounen biznis
Bòkò tounen biznis
Lekòl tounen biznis
Bandi tounen biznis
Lavi'n tounen biznis
Kidnapin tounen biznis
Pouvwa tounen biznis
Lapolis tounen biznis
Peyi'n tounen biznis
Lanmou tounen biznis
Lajistis tounen biznis
Dim kisa ki pa Biznis
Yeah
Be Wise
Mesaje tout tan

