be wise13 sad love şarkı sözleri
Mvin raplew lè nou te fèk ansanm ou t diw tap banm love
Ou te diw wap avèm se pat pou jwèt se te pou love
Ou te diw pap janm bouke
Lanmou sa pap avèg
Ou te di wap banm love pa pakèt menmsi kem pa bèl
Lèm nan laru fò menm nan ranch ou
Tout tan fòw dim mon chou
Mwen indispasab tankou on fèy bwa fò wèm nan branch ou
E nou pap pas'on jounen poun pa alèz poun pa djanm
E ou pap dakò wèm nan malè Devanw babe pou pa pranm
O komansman w'ofrim tout nanm ou tout kòw
Ou livrem tout kèw
Ou banm tanw epiw sousye de mwen
E pleziw fòm tou prèw
Ou pap kitem fè on pa
Koz san mwen ou pap alèz
E se kounya map reflechi poukiw met love sa nan falèz yeah
Yeah e saw fè
E se kounya map reflechi poukiw met love sa nan falèz
Yeah e saw fè
E se kounya map reflechi poukiw met love sa nan falèz
E kounya mpa ka bien
Eskew konprann a kisaw sanble
Ou pa sousye de mwen
Ou annd'on kay tout jounen gongle
Ou pa banm tan anko
Ou pa banm love anko
Em te pranw pou jeni bonèm
Kounya ou pa banm planw anko
Pitow te kase koum
Tan kem te wèm tap viv yon fo love
Tap konnen mpa existe anko
Tap tou unfollow lanmou
E chanjmanw fòm diw vremanl panikem
E siw pa sou dom anko
Se pa fòt kòm se pa ni pyem
Ou gen pou regrèt viw nèt
Kounya mwèw pat vle onèt
Lè map bien gade ou te vle profite
Ou pat vle bonèm
Ou fout raz
Paskew mete lesprim an boulvès
E ou te montrem ou pat janm chanje
Mte wè sa nan tout jès
Mpat diw depiw wèm avew msèl pou ou em avèw nèt
Mpat diw mpap janm baw Manti e kèm pou ou poum avrew nèt
Ou pran kèm ou fèl tounen tanbou
Yon fason pou fè dans
Ou pat renmen vre
Ou pat janm vle vre
Se te yon fason pou fè rans
Yeah e saw fè
E se kounya map reflechi poukiw met love sa nan falèz
Yeah e saw fè
E se kounya map reflechi poukiw met love sa nan falèz

