C-Nity şarkı sözleri

Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte , men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare, ou pap janm ka dejwe m Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte, men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare,ou pap janm ka dejwe m Fò w pwomèt sa w ka bay, prete sa w ka remèt Manje ranje gen mèt, zanmi mefye w, lèt kaye kase tèt Wè lè w devenn, tou vivan yap chante vèy ou Zanmi kap vin vann ou rèv jodi, demen pap baw revèy Tande Frèm M pap janbe lantiray si mpa vle mèt li nwi Atake m san rezon, gwo midi m ka fè w konn sa k mèt minwi Rantre pa fas, soti sou do, 2 pye douvan, lè w pat vle bay lizay Rale w nan gran kalfou, sonnen ason pou Ogou Balizay Pitit lwa brav, Bawon lakou detwonpe w, 3 prens 3 pik wa Asyèt blan pa miwa, inyorans fè n met esklav pami wa Pran pozisyon m kont divizyon, nan 2 pwen mpap met trè Map jete dlo, souke drapo, pou sa m pa wè map jete flè Ti poul manje mayi griye pou lè dan l pa la Sak sot sou Pyè l tonbe sou Pòl, Ogou k fè plas pou Danmbala a M pran pozisyon m, m ret lwen voksal, sak fè m tache sou trèz E lè m di pa mele m nan se pa pòz, wap wè m vin ak tout chèz Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte , men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare, ou pap janm ka dejwe m Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte, men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare,ou pap janm ka dejwe m Pawol la pale nan gran kafou, oh non l pat pale ba M vle pasaj, limen balèn, jete dlo pou Papa Legba Na etone wè m kanpe brav malgre tout kou m sibi nan do Avan n reyini tout fòs latè, nou fon demand pou Simbi nan dlo Yap takinen chwal ou apre pou yo baw chay ou pa ta dwe E menm lè n nan dòmi, nap defann rèy kou Ogou Batagri Lavi m s on oseyan, ou pap ka janbe l menm sou lòd Mèt Agwe Ou vin lakay mwen ou vle pase m lòd Ebyen tchovi ou pa tap rim Dèyè mòn gen mòn Ret trankil se remèd kò Fè konfyans ak Bawon Lakwa si w ta vle konn sekrè mèt mò So mte nan dòmi m tand'on vwa kap rele m Destinasyon m pa pou isi, ou met al di nèg yo pa mele m Lè bèt gen twòp mèt li dòmi san chanje Dèfwa nan lespri w lè w gen twòp fèt ou dòmi san manje Balèn nan ka limen, men l pap klere si l anba tab Ak Sen Michel Akanj nan do m, kont tout ennmi m yo m enbatab yeaaaah Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte , men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare, ou pap janm ka dejwe m Lakay relem m paka pa ale Kite yo fè salte, men di yo pa mele mwen Di yo pa mele m M fèt nan lakou bare,ou pap janm ka dejwe m
Sanatçı: C-Nity
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:21
Toplam: 1 kayıtlı şarkı sözü
C-Nity hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı