celigny dathus priyorite şarkı sözleri

Senyè mwen vle fè tout sa'w mande'm Sanm pa teni kont sa'l pral koute'm Mwen bezwen lespri ou fòtifye'm Poum ka reziste ak fòs peche Pyès vanite paka bouche je'm Pou'm pa wè gras ou, gras ou pou mwen Pyès vanite paka fè'm bliye Sakrifis lakwa ki sove mwen M'pap chèche sa'k nan mond sa M'pa renmen sa'k nan mond sa Fas ou m'ap chèche Se ou ki Bondye M'pa bezwen sa'k nan mond sa M'pa anvi sa'k nan mond sa Avè'w mwen vle ye Sa'w vle se sa'm vle Senyè se kote'w mwen vle kache Konsa m'a va viv san kè kase Kenbe mwen lakay ou nèt ale M'a fè louwanj ou nèt san rete Pyès byen latè paka separe'm Ak gwo lanmou sa ou gen pou mwen Pyès byen latè paka egare'm Pou'm pèdi chimen verite a M'pap chèche glwa nan mond sa Nan ou mwen jwenn plis ke sa Fas ou m'ap chèche Se ou ki Bondye M'pa anvi kado mond sa Gras ou ban mwen plis ke sa Avè'w mwen vle ye Sa'w vle se sa'm vle M'pap chèche sa'k nan mond sa M'pa renmen sa'k nan mond sa Fas ou m'ap chèche Se ou ki Bondye M'pa bezwen sa'k nan mond sa M'pa anvi sak nan mond sa Avè'w mwen vle ye Sa'w vle se sa'm vle Ou se priyorite'm Ou se priyorite'm Ou se number one mwen Ou se number one mwen Ou se priyorite'm Ou se priyorite'm Ou se number one mwen Ou se number one mwen Oooo Oooo Oooo Oooo
Sanatçı: Celigny Dathus
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:59
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Celigny Dathus hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı