dardeley sa n ap fè (feat. bic tizon dife) şarkı sözleri
Sa n ap fè, Sa n ap fè
Gon bon bout tan non peyi dayiti finn medyatize
Nan tout gro medya se deli menm yap pale
Se pozitivite y ap vann men se insekirite madanm
Nou pèdi mounite nou
Tout valè nou kite nou
Malgre dan le tan se lot nasyon tap imite nou
Eske'n rann kont ke nou responsab
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki San paran yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki raboto yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki matisan yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Non non non, yò
Menm si m pa li nan gros liv men tet mw dwat tout mw pa yves konsdisyon ke nou Trouve nou di byen klè ke nou pap viv
Mpagen laj men mw envite'n fon reflexion plis ke pigro problem peyim yo di mw se Edikasyon
Eske yon pep kapab edike san kilti'l
Yon edikasyon enpòte eskel ka fel renmen peyil. Eske nou ka eradike zak banditis lè Pyès tchovi anndan peyi sa paka jwenn lekol gratis
Prop fado nou nap pote
Prop peyi nou nap kapote
Si nou pa sove timoun yo pi douvan nou pap kapote
Sa nap fè avek timoun matisan yo
Kwadèboukè site solèy timoun kap viv nan geto yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki San paran yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki raboto yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa n ap fè ak timoun ki matisan yo
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
BIC Tizondife sa nap fè
Ey sa n ap fè
Pou sak pa konn sa pou yo fè yo
Sa n ap fè
Pou sa kap ranpe anba fil fè yo
Sa n ap fè
Pou tout erè ke n ap fè yo
Nou fè yo , Nou wè yo
Nou bwè yo
Zobo boding
Sa n ap fè
Pou ayisyen ki pagen batistè yo
Pou peyizan yo vòlò moso tè yo
Sa n ap fè
Kisa n ap fè vre
Zobo boding
Sa n ap fè
Pou maklouklou pavle pete a
Sa n ap fè
Pou pòt paradi yo klete a
Sa n ap fè
Nou chita selman
Ap gade yo k ap pe fè
E nou menm ki lè n ap fè kilè ayiti ap refè
Year Ti Poltche bel touch
BIC cheri sa n ap fè
Dardeley pitit gason m
Tchep tchep
N ap refè wi
SOS MIZIK, Gòch
Grandon yo sa n ap fè la
Sa n ap fè la
Ann sove tchovi yo tchovi yo tchovi yo oo
Nou se tiboujon anba mapou
K ap tann seren pou n moute
Ann sove tchovi yo, tchovi yo, tchovi yo oo yeee
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa nap fè la, sa n ap fè la
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa nap fè la, sa n ap fè la
Sa n ap fè, kisa n ap fè la
Sa nap fè la, sa n ap fè la

