david auguste banm ti pwovens mwen şarkı sözleri

Depim piti m'tande yap pale de pòtoprens Mte toujou tande yap di moun viv la tankou prens M'pat janm fè lòt rèv se pou male poum kite pwovens Jou ap pase ane ap pase Se plis anvim ap ogmante Yon bon jou m'deside pou m'ale Mezanmi nou pa mandem koze Kitem rakonte nou Lè'm rive Mwen jwenn yon solèy cho Pa menm yon ti bwa poum kanpe Sèl sa m'tande yap di Se ragaman tanpico dlo Gen lòt kap rele Lavil petionvil madan kolo Pòtoprens sa pap bon pou mwen non Si se konsa li ye la Pòtoprens sa pap bon pou mwen non Si se konsa li rèd la (Bis) M'mkontinye mache Map gade Map obseve vil la M'wè moun a figi zonbi Moun ki pa manje ak moun M'wè fatra ki rete dan di Kap detwi lavi moun M'we lapli ki mare M'wè vil poko pare M'wè jèn fi yo kap priye Ki lè pou nwit la ta rive M'we moun kap bras Sa kap fè kras Sa kap tann pas pou fè gòl Tout ti jèn nan bwè alkòl Gen plis bank bòlèt ke lekol Sim pa pale map toufe E sim pale yapppp....eyyy Pòtoprens sa pap bon pou mwen non Si se konsa li ye la Pòtoprens sa pap bon pou mwen non Si se konsa li rèd la (Bis) Mwen pase bèlè se bal kap pete Chandmas se bal kap pete Kafoufèy se bal kap pete Pòtay leogane se bal kap pete Rele manmanm pou mwen Dil m'anvi tounen pòdepè M'anvi kite lekòl Paske nan lari a mwen pè Se chak jou yon frèn tonbe Se chak jou yon sèn tonbe Banm ti pwovens mwen an an an an an Banm ti pwovens mwen an an an an an Banm ti pwovens mwen an an an an an Banm ti pwovens mwen an an an an an
Sanatçı: David Auguste
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:33
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
David Auguste hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı