elder charlot deklarasyon şarkı sözleri

Bonswa Manmi Ayè m te pase kote w Mariz di w deplase Ou do t èy nan dlo W a gad nan bifèt la dèyè ti kivèt la M sere on sachè bonbon siwo M panse m t ap la lè w retounen M te vle ba ou li nan de men Yon ti pawòl nou dwe diskite Men domaj mwen pat ka rete Ni m pap pran twòp tan w M konnen w si okipe Tanpri padone m pou fot avèk rati M fè anpil madjigridji m tap ekri nan prese Li enpòtan pou m di w pou sa m ekri w e m te vle je n kwaze Men pou on lòt fwa ankò desten mennen m on lòt kote M anvi mande w marye men m pap kapab san m pa posede Cheri m dwe vwayaje bouske lavi tout kote m pase Avè w m vle ret soude distans pap janm rive separe n M vle pran responsabilite m devan la sosyete Cheri m deklare Kè mwen pou ou li ye Mwen konnen l pa fasil men fò n kenbe la M pap jam kite w dòmi san w pa tande vwa m Menm lè n ta fè ti kont ti fache fò n toujou rekonsilye Sonje pou sa n lite bebe E lè bagay yo bon se transfè chak mwa M pa bliye dènye iPhone ou te vle a lè tchotcho a tonbe sonje peye lekòl la Rès la pou bal al fè limena E lè m retounen n a va selebre Zanmi fanmi tout va rasanble Sou chè legliz la Lè m fin ba w bag la Je m va koule dlo kon ti bebe Monpè pa mize mennen n ale Nou y ap tann pou fèt la komanse Manmi Papi pral mande l danse Ala on gran jou lè rèv ou vin reyalite M anvi mande w marye men m pap kapab san m pa posede Cheri m dwe vwayaje bouske lavi tout kote m pase Avè w m vle ret soude distans pap janm rive separe n M vle pran responsabilite m devan la sosyete Cheri m deklare Kè mwen pou ou li ye (Tout vi mwen se ou m ap tounen jwenn ou, ret kwè nan lanmou) Cheri m sèmante Pou jouk souf mwen koupe (M ap goumen pou nou, m ap tounen jwenn ou, Ret kwè nan lanmou) (…) Cheri m deklare Kè mwen pou ou li ye (Tout vi mwen se ou m ap tounen jwenn ou, ret kwè nan lanmou) Cheri m sèmante Pou jouk souf mwen koupe (M ap goumen pou nou, m ap tounen jwenn ou, Ret kwè nan lanmou) Na na na i na na ye
Sanatçı: Elder Charlot
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:27
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Elder Charlot hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı