elizabeth glwa rekonesans şarkı sözleri

Titre :Glwa e Rekonesans Verse 1 Depi wè Rj Se Tankou'w te wè , le pè , le fis e le sen tespri Paske nan kreyason'm la tout pwisans te fè yon sèl espri Mwen son'w disip , sou pwomès biblik , mwen reprezante yon ti Jezi Mwen oblije demake'm , sen tespri epate'm , kounya la se vi spirityel mwen Gen de vwa mwen tande , e'm pran tan'm disène , Jezi Kris se santinèl mwen Sou jenou'm mwen lite , wi devan'l mwen koube e'l se motè ki nan lavi mwen Pa gen lot anko , lè'm nan pwoblè'm kap pase strès mwen Mwen gen rezon pou'm louwe'l Li toujou tande kri'm Pou tout sa'k te panse'm fini Kounya yap tande bri'm Nan vi'm paka gen pwen final Map ekri yon lot lign Men'm pwop san'm ki tap likide'm Tankou Jezi yo krisisye'l Devan pilat yo souflete'l Mwen rekonèt souverennte'l Sinon li te k efase'n Se li'k banm fos pou'm padone Kounya se yo kap jwi'm La glwa li kouvri Tout mou ap aplodi'm caaaah It's Rj Gospel Refrain Louwanj , adorasyon li merite Li merite , li merite Respè , rekonesans li merite Li merite , li merite ( Bis 2 ) Verse 2 ( Will ) clelouya , men rekonesans Senpleman pou mwen ba li reverans Gras Bondye sou mwen map fè li konfyans Pran konsyans , san Jezi'l pa fè sans Chak jou nap bay louwanj Pa gen lot bèl anbyans Tankou David lè'l te danse devan ou kadans Map tchèk sèvitè' ap rap ak pwisans Sen tespri sou mwen Mwen kanpe avèk asurans Mwen gen prestans , preche ak eksperyans Levanjil li frappe Kè nenpot ki distans Pagen distans , Bondye pa'm , li pa nan rans Satan panse li te k manyen'm Bonn chans Refrain Louwanj , adorasyon li merite Li merite , li merite Respè , rekonesans li merite Li merite , li merite ( Bis 2 ) Verse 3 cnh Mwen vle site non'm Kite'm , kite'm , kite'm , kite'm Ede'm site non'l Jeziiiiiiiiiii Si se glwa'l , map chante Nan kè'm li grave non'l Rekonesans , se pa lachte Se sa'k fè l'aktive don'm Li se mèt kap veye'm nan Boss kap jere'm Lè'm nan fè nwa kap guide'm E lè'm tonbe kap leve'm Kap banm kote pou'm mete pye'm Lè fos fènwa vle devye'm nan cnnnnh Sa se temwanyaj pa'm Li se Bondye ki te sove'm Lè 12 janvye ya te pase Jodia fok mwen temwanye Se li'k te fè'm pat trepase Wi'm pase'm , pase Nan figu ènmi an , m'tache , m'tache Tout glwa pou Bondye Pou lov map pèsevere M'son sujè de glwa Devan'l mwen pwotène Pa gen lot ankor Se li pou'n aklame What Pa gen lot ankor Se li pou'n aklame Refrain Louwanj , adorasyon li merite Li merite , li merite Respè , rekonesans li merite Li merite , li merite ( Bis 2 )
Sanatçı: Elizabeth
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:32
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Elizabeth hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı