fhenry hboy à jamais şarkı sözleri
Fhenry Hboy
Thamie
Anh
Yeha ha
Hmm
Sans retrait, manmi m ap di w jan m renmen li
Devan tout moun, avwe w santiman m pou li
Li fè sa m pat janm reve, li banm lòv ki depase
Wi se vre, li gate m
Lespri m vle l, kè m apwouve l
M sèmante devan Bondye
Li mwen vle pou letènite
M renmen l, m vle ale avè l
Pakouri le monde avè l eh
Se li ki fè kè m vibre
Tout sa k anndan mwen chame
Kwè m, deja, mwen satisfè eeh
Sur nous deux j'ai tout misé
Se chwa m e m ap asime l
Aujourd'hui et à jamais
(Mom)
Ou wè pitit fi w la, lanmou m pou li a manmi li pa ka fèb
E lè m gade w, fòk m wè l pat ka lèd
M annik kwaze l, pakou m san li m gentan wè m pa ka fè l
M wè w, m wè papa l; an konklizyon, avè l m pa ka mèg
Li di l sanble w, l avè w se marasa
Ou mèt kwè m, pou li mwen prè, kòd batiman, m pa pè pou m mar'a sa
Rega m sou li sou konn papa l lè l te gen je sou ou
M pa vle w gen dout sou nou; si m pa renmen l, konn se damou m damou l
Yeah
Tout ansanm n ap simonte
Obstak k ap vin anfas nou, ou mèt kwè m y ap sikonbe
M konnen w vle byen pou li, w vle yon bon met men sou li
M pa pafè a men, non plis, m pa pi move a pou li
M vle di w: mwen renmen l se pou lavi
Ansanm nou deside, sou paran n, pou n pran poul avi
E just di n, mom: « je vous bénis, mes enfants! »
Pran men li mete l nan men m epi fè n swè yo pou toutan
Ou te vle m jwenn yon bon, ebyen manmi, m ap di w m jwenn li
Yon bofi digne du nom, ebyen ankò m ap di w m jwenn li
Je ne m'ennuie pas du tout; c'est loin de lui qui est tout l'ennui
J'aime m'en ivrer d'amour, hmmm
Dans ses bras, être soûle c'est joli
Oh non!
Cheri m pap fè w wont
(É) Ou mèt kwè m
Ayayay, Ayayay, Ayayay
J'ai conquis
Ayayay, Ayayay
Mon étoile de midi
Ayayay, Ayayay, Ayayay
J'ai conquis
Ayayay, Ayayay
Mon étoile de midi
M renmen l, m vle ale avè l
Pakouri lemonn avè l eh
Se li ki fè kè m vibre
Tout sa k anndan mwen chame
Kwè, deja, mwen satisfè eeh
Sur nous deux j'ai tout misé
Se chwa m e m ap asime l
Aujourd'hui et à jamais