g2-x egzamen ofisyèl şarkı sözleri

Lontan reyisi yon egzamen Anpil enpòtans sa te genyen Tout ap felisite w Paske ou sot efòse w Jodi a sa pa vle di anyen Menm ofisyèl tonbe nan tenten Ou pa bezwen etidye Tcheke mwayen pou triche Premye jou m al konpoze M wè nan baryè a y ap fouye M pa kache di w kè m pran sote Sijè yo te ban m lan nan fòn mw l ye M gentan wè moun yo konn brase M fèmen 500 goud nan men misye Sa w tande a mwen byen pase Nimewo dòd mw nan kwen l ye Aprè filozofi pita se biyoloji Mwen jwenn yon vye siveyan k pran pòz siveye di Nou ba l anpil presyon malgre sa li pa chanje Men sa pa deranje dayè mwen fè seksyon se Demen maten chimi mwen pase nan yon lòt syèj Yon direktè ban n egzamen an mw ak Nadèj Lè m rive nan pa m lan mwen di se blokis Ki fè mwen anreta mwen pat ka jwenn bis Lontan reyisi yon egzamen Anpil enpòtans sa te genyen Tout ap felisite w Paske ou sot efòse w Jodi a sa pa vle di anyen Menm ofisyèl tonbe nan tenten Ou pa bezwen etidye Tcheke mwayen pou triche Aprè midi syans sosyal Istwa konesans jeneral Sijè k sou mwen an yo bay Pou m rale l fòk mwen met may Matematik yon gwo lo Erezman te gen Lolo Li fò l pa vle pataje M rale fèy li l manke chire Espayòl ak anglè pa bagay ki difisil Reponn kesyon tèks se bagay ki fasil Gramè vokabilè ap nan sal la kanmèm Tout sa ou ekri bon nan topic la menm Ala bagay bèl lè w genyen rezo Syans fizik ta dwe mete tèt mwen cho Men mwen te gentan gen egzamen an Pwòf ratrapaj la te nan kuizin lan Egzamen an fè mwen wè Popilè pa yon bigdil Se pa ti lajan mwen fè Pou m pataje fò n fè dil Bèl medam ban m nimewo Sa k gen lajan negosye Mwen k triche mwen k vin ewo Lajn fè siveyan manje Lontan reyisi yon egzamen Tout ap felisite w Jodi a sa pa vle di anyen Ou pa bezwen etidye Lontan reyisi yon egzamen Anpil enpòtans sa te genyen Tout ap felisite w Paske ou sot efòse w Jodi a sa pa vle di anyen Menm ofisyèl tonbe nan tenten Ou pa bezwen etidye Tcheke mwayen pou triche
Sanatçı: G2-X
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:47
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
G2-X hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı