herby dejean avec la foi (vanessa michel) şarkı sözleri
M'ap ret trankil san'm pa plenyen
M'ap fe sa ou mande
Jan'w te kondwi pèp Izrael
Konsa'w va kondwi mwen
Lé mwen ta vle fè vye panse
Gide'm avèk lespri'w
Lè'w santi mwen vle afebli
Pran men'm pou mwen rive
Avèk pasyans m'ap ret tann ou, m'ap ret nan silans mwen
Avèk lafwa m'ap ret tann, ou vin aji pou mwen
Avèk pasyans m'ap ret tann ou, m'ap ret nan silans mwen
Avèk lafwa m'ap ret tann ou, Bondye mwen
Lè enmi an panse mwen dodo
Lè yo panse'm son pitimi san gadò
Mwen pa pè non
Mwen pa krent non
Paske'm konnen Jezi gen kontrol yeah
Satan panse'l te ka met pye li sou mwen
Men Jezi toujou la pou li defann mwen
Avèk pasyans m'ap ret tann ou, m'ap ret nan silans mwen
Avèk lafwa m'ap ret tann ou, vin aji pou mwen
Avèk pasyans m'ap ret tann ou, map ret nan silans mwen