Ismael Augustin

Piyon Lakayan'm (feat. Genel Joseph, Manese Augustin, Jephte Augustin, Roseline Marcelus, Lazard Odné & Exson Cid)

ismael augustin piyon lakayan'm (feat. genel joseph, manese augustin, jephte augustin, roseline marcelus, lazard odné & exson cid) şarkı sözleri

Tout pitit Piyon yo rasanble pou'n chante, selebre montre jan n renmen lakay'an nou Pou'n montre inyon ak lanmou nou gen youn pou lot PIYON LAKAY'AN NOU Piyonè nou ye eee Piyon se fyète'n eee Ann leve kanpe eee Pou'n voyel monte eee Piyon se lakayannou Se la nou fèt e grandi Nou santi'n fyè pou'n pale de li Pou'n fè konnen'n se pitit li Paske li vrèman bèl, li toujou kenbe kò'l Piyonè nou ye eee Piyon se fyète'n eee Ann leve kanpe eee Pou'n voyel monte eee Me sak gen lakay ann ale Bèl mòn pou pwoteje'n Rivyè gwap pou'n naje Woule kann fè siwo, fè kleren Pou fè bwason alkowolize Piyon ou diferan Ou s'on modèl pou lot yo Nou gen bon lopital, inivèsite, restoran Lekòl pwofesyonèl, bèl plas piblik pou nou enjoy Nou gen bèl teren espò, bèl mache pou nou ka vann Nou gen yon bèl èpòt pou nou ka flay Nou gen bon edikasyon Ki fè'n moun sivilize Piyon se vil ki resevwa anpil touris Paske'n atire moun bò kote'n O wi yo kwè nan nou E n genyen bon mizisyen ki la Pou met lajwa nan Kèm nou Piyonè nou ye eee Piyon se fyète'n eee Ann leve kanpe eee Pou'n voyel monte eee Mouvman jèn Piyon Voye'l monte (3fwa) Piyon se lakayannou Voye'l monte (3fwa) Piyon se pou nou li ye (bis) Piyon tout tan Mwen renmen Piyon Se lakayanm Li se ti kèran'm Anm anm anm (bis) Piyonèz ,Piyonè rasanble Kote Piyonèz yo? Me nou wi, wi nou fyè Kote Piyonè'm yo? Me nou wi, wi nou fyè
Sanatçı: Ismael Augustin
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:45
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Ismael Augustin hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı