its neyone ekilib şarkı sözleri

Mwen jwenn yon EKILIB nan tout sam ap fè Byen pou mal, mal pou byen Se vre lespri m ailleurs but pye m a tè Mwen rete calme, lè m mal-en-point Yow entre sam di e aksyon m, il n'y a pas de fossé Oze pale de mwen se montre m son liv ouvè Depim priye sou nenpòt fòm priyè m exaucé M pap neye map bat dlo a jis li gen gou bè San royaume, mantalite wa kou outhred Wap ba yo kout men, yap baw kou trèt Kou bêt, l'homme animal rezone, kot rezon an? M konn chanson an, kounyea reproch vini tankou èd Tout bagay nan lavi a son kesyon d'équilibre frè M plen objektif e plan d'action an m défini l klè M asepte defèt monte ring nan lèm santi m prè M poko fini quête lan men pou sa m akonpli m fyè Kochma m ak rêv mwen se menm tout terifyan Se chak swa map ignore vwa djab la M pré poum achte lapè m kelkeswa tarif lan Nan fanmi m se pa diven ki nan koup lan sou tab la Mwen jwenn yon EKILIB nan tout sam ap fè Ben pou mal, mal pou byen Se vre lespri m ailleurs but pye m a tè Mwen rete calme, lè m mal-en-point Map cherche m nan mitan yon botte de foin M perdu têt mwen depi lè m te deside pou m rete mwen Map cherche m lontan m vle mete fren But son périple difisil, sel lanmò m kap met fen Bref, quête lan komanse nan nivo Hardcore Sou ti zile sa, se swaw jibye oubyn w chasè Linivè banm chans leve par yon lionne ak kò Moun, solid kou simba, ti yèn mwen paka pè M son beni, pami chwazi yo m konn bondye egziste 13 lane deja lale san ou seigneur m pa tap ka reziste Maprann vole ak yon zèl kase, lot yo m lite poum mennen yo Li konble ak lanmou tout manke nou te genyen yo Omlèt pa fèt san kase ze Se sakrifis ak dètèminasyon m ki mete m la Ti nèg wasèk, m pa sot nan klas eze Imilite se dra m, pou mwen sèvi nou m mete m pla Mwen jwenn yon EKILIB nan tout sam ap fè Byen pou mal, mal pou byen Se vre lespri m ailleurs but pye m a tè Mwen rete calme, lè m mal-en-point L'équilibre dans ma vie, je le cherche avec foi Je suis prêt à affronter les défis et à embrasser la joie Je marche sur ce fil invisible, sans peur et sans regrets Car trouver l'équilibre, c'est la clé pour être complet
Sanatçı: its Neyone
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:16
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
its Neyone hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı