jahames aji aya bombe (better dead than slave) şarkı sözleri
Heyyy ayisyen reveye'n
Nou pa wè yo vle fè'n tounen etranje nan pwòp peyi'n
Li lè pou revolution an fèt kounya
Ann avan, ann avan!
Napbooley Recordz
Aji aya bombe
Ayiti se ayisyen'k pou chanje li
Ann met tèt ansanm pou nou ka sove li
L'union fait la force an nou pratike li
Fòk sa chanje
Plede pran nan fo palmantè
Yo tout nèt son dal blofè
Plede fè nou fè tenten
Pandan yo menm y'ap byen mennen
Aji aya bombe
Fòk revolisyon an fèt vre
Aji aya bombe
Fòk nou leve kanpe
Yo met tout byen'n an otaj
Yo pa ba nou avantaj
Yo konble'n ak religion pou yo fè'n dous koz nou son bann sovaj
Boul nou pa janm sot nan tiraj
Nou vote pou mizè, chomaj
Yo trouble lespri'n pou nou chak ret non antouraj
Kisa n'ap tann pou'n deside
1803, 86 nou genlè bliye
Ann refè listwa pou'n fè le monde sonje
Nou se premye pèp nwa ki te pran libète'n
Ouhh ayiti cherie nan men yo'w twòp kou
Pou pwòp richès ou y'ap mete pye sou kouw
Yo divize nou pou yo kapab renye
Twòp san koule
Aji aya bombe
Ayiti se ayisyen'k pou chanje li
Ann met tèt ansanm pou nou ka sove li
L'union fait la force an nou pratike li
Fòk sa chanje
Plede pran nan fo palmantè
Yo tout nèt son dal blofè
Plede fè nou fè tenten
Pandan yo menm y'ap byen mennen
Aji aya bombe
Fòk revolisyon an fèt vre
Aji aya bombe
Fòk nou leve kanpe
Pa gen vòlè san sitirè
Se nou ki koz yo milyonè
Kou eleksyon y'ap chouchoute'n
Aprè yo lage'n nan mizè
Instabilité bay intérêt
Yo kreye'l pou'n pa janm wè klè
Revolution san sitirans pou'n mache pran yo m'di li lè
Lage zam nan geto kreye kidnapin nan se yo
Fè konplo pou touye prezidan pou finansye'l la se yo
P'ap ka gen jistis paske kriminèl la deja se yo
Kounya ann pase pa l'action paske'n bouke denonse yo
Ouhh ayiti cherie nan men yo'w twòp kou
Pou pwòp richès ou y'ap mete pye sou kouw
Yo divize nou pou yo kapab renye
Twòp san koule
Aji aya bombe
Ayiti se ayisyen'k pou chanje li
Ann met tèt ansanm pou nou ka sove li
L'union fait la force an nou pratike li
Fòk sa chanje
Plede pran nan fo palmantè
Yo tout nèt son dal blofè
Plede fè nou fè tenten
Pandan yo menm y'ap byen mennen
Aji aya bombe
Fòk revolisyon an fèt vre
Aji aya bombe
Fòk nou leve kanpe
Yeah mg'anpil bagay m'pa gen tan di sou track sa
Men nou konnen pou'n fè revolution an
Fòk nou mete jalouzi, ipokrizi de kote
Aji aya bombe

