kabysh listwa n (feat. badio) şarkı sözleri

Se listwa yon miwa k ap Gade yon solèy ki pa fin klere Se listwa yon fènwa k ap neye lajounen m tande Se flè ki pouse kote pye w poze se listwa n k ap rete lè paj yo fin boule Se listwa lorizon ki pase lakay pil vòlè sa yo W a eskize m si m chanje sijè Se lespwa m k ap flannen Se limyè w ki rete lè m bliye louvri je m Se listwa n k ap rete lè tout liv fin boule Sèl istwa n k ap rete Lè tout wòch fin woule Sèl istwa n k ap rete Lè lanmè fè syèl vwayaje Sèl istwa n k ap rete Lè tout bagay fin ale Sèl istwa n k ap rete Wi sèl istwa n k ap rete S on istwa m p ap ka bliye Menm lè kràn mwen griye Nan lespri m M ap fè tatou l Koz li k fè m viv sa mwen ye L envite mwen briye Fè m met men M brize tabou m E si w ta wè m ap kriye Ou pa bezwen al priye Dlo je p ap janm wouze jaden lanmou n Nan zafè kè n pa pilye Fame lòt yo diminye Depi lè n afiche Nivo damou n Sèz ba p ap sifi Pou m ta rakonte l Ka pa konprann li Menm si w ta tande l S on fim m ap jwe ladan l Kòmsi m te monte l Kè m te abandone man Li vini l ante l P ap konn sa sa fè m Lè m santi l tou prè m Dife l limen anndan m Vin tande bri kè m Sou chimen relasyon nou M bay san ak flè m Ekspresyon pasyon m Li konn tout afè m Vag lòt karyè pou m ofri l pi bèl zèv mwen Dòmi pre l anbeli rèv mwen (bis) Sèl istwa n k ap rete Lè tout wòch fin woule Sèl istwa n k ap rete Lè lanmè fè syèl vwayaje Sèl istwa n k ap rete Lè tout bagay fin ale Sèl istwa n k ap rete Wi sèl istwa n k ap rete
Sanatçı: Kabysh
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:40
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Kabysh hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı