kadna-c manje lakay (remix) şarkı sözleri

Remix manje lakay Kè,Malè Malgre pa gen piblisite,se nou ki pi bon mache Malgre sou etajè n pa mete,se nou ki pi bon manje Vès1 EDD Chak 5an g'anpil milyon ki depanse Nan zafè kanpay pou tan anyen serye pa janm regle Pouki n pa panse ak peyizan sipo yo vle pote Nan pwodwi peyi m wè kèk tan y'ap maltrete Si n fon tounen dan le pase poun we diri latibonit t konn bay Lakret,chela,madan gougous se te 100%lokal Pèp je yo kale ap batay ak leta lakay pa yo Pou sispann konsome pwodwi OMG y'ap pot ba yo Kè Ves2 MISYONÈ Egri kilti,politik zòt Egri agrikilti nou palitik zòt Mete dife nan kanpay nou Depi lò nan enpote ata zong poul Se pwazon k'ap ranplase pwason Nan jete agrikilti pou poubèl N'ap manje,nan manje poupou bèl....jose H Lami Kè Vès 2 AS CORRECTOR Nou gen trop dirijan,move mès k'ap detwi tout vi n Yo fè ako ak blan pou dola vèt pou detwi pwodwi n Pwodwi chimik ki plen tout bak pot malad yo fè n'ap vann Koz peyizan n yo san espwa yo fè tout tè n tounen savann Otorite ki konsène yo kreye bank kominotè E sitwayen ki gen nan men yo envesti nan kiltivatè Kot chela,madan gougous resous lakay nou disoarèt Yon leta koz tout resous nou disparèt,ki ak ki dwè poze? Kè Vès4 WADNER PEYIZAN Eeee,banm yon ti zaboka ak bannann bon lam veritab Lè w pran diri peyi,ak lalo bon ji natirèl Lè w pran pwa peyi,mayi,poul peyi,an Lè w pran bon kafe,bon cacao Mezanmi kote yooo,m pa wè yooo? Eske se lòt nasyon ki vini cheche yo? Men kote yo m pa wè yooo? Esje se lajan yo ba nou pou n kraze yooo? Kè MALÈ
Sanatçı: Kadna-C
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:50
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Kadna-C hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı