kai nou pa moun ankor şarkı sözleri

Nan met linèt soley nan je lalin Nan fonse nan fè nwa ak tout boulin Mou pèdi la rezon, nou pedi la rezon Nan chache samble sa nou pa ye Nan penyen lage, mache gaye Nou pedi direction, nou pedi direksyon Nan krache sou senbòl ki te banou libète Pou nou te existe Nan vomi lan bòl paysan'k pa sispan plante Pou banou mange Nou preske pa moun ankor Nou Pa Nou Pa Nou preske pa moun ankor Nou bliye sak fen ayisyen (Bis) Nan pandye rèv nou tet anba Nan pimpe krèm peyi'n la ba Nou san destinasyon Nou san destinasyon Nan rele viv ou byen aba Nan goumen nan move komba Nou bay indiyasyon Nan ouvè pòt pou tout vye adjipopo antre fyète 'n vire lanvè Nan mete galipòt gagote sa nou posede Nou pèdi pou revè Nou preske pa moun ankor Nou Pa Nou Pa Nou preske pa moun ankor Nou bliye sak fen ayisyen (Bis) Nou femen je'n pou'n pa wè Nou femen kè poun pa wont (Bis) Machine lanmò a pèdi fren Lap roule je fèmen Kombien san'k pou koule Kombien rel ki pou rele (Bis)
Sanatçı: Kai
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:49
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Kai hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı