Mafyozo

Se Pa Fòt Mwen (feat. Esther Surpris & Money Honey Mike)

mafyozo se pa fòt mwen (feat. esther surpris & money honey mike) şarkı sözleri

Telefònn mwen sonnen Kiyès ki rele'm, se mennaj mwen Aprè anpil pale li pat vle di'm kisa'k pase Nan fouye'l poze'l kesyon Li di'm li pwon desizyon Ki gen pou lage nou tou lè de nan dezinyon Di'm li bay legen Paske zanmi tap pale tenten La menm te santi'm fennen Fanm sa pwon move chimen Pou janm konnen lanmou'n te makonnen Nou te gentan finn abitye tankou de mounn kite marye Kè'm te kase lè'm tande ke nou pap ka kontinye Santi pye'm pran nan yon sèl soulye Oh Bondye di'm kisa'm fè map peye Tankou yon bato san aviwon Ki pa gen bon direksyon Aprè tout bèl moman De kontantman Bèl womans an vakans Gad kilè ou chwazi kite sa Pa konn anwo ni anba Ou se te sèl rele reponn mwen Gade kounya'w lage'm nan chagren Cheri nan tan pou retounen map byen lwen Se pa fòt mwen, si'm pa tounen Se pa fòt mwen, si nou pa ka rive pi lwen Ouuu Mwen pap kache'w Desisyon sa toumante'm Li fè'm pa gen dòmi nan zye'm Tanpri souple mande'w pou padoneeeee'm Relasyon'n te trè sosyal Mwen pat vle viv nan imoral Ou se te sèl fanm ki chita nan lespri'm Fason relasyon'n te ye nou te kab ranpòte anpil prim Nan kè'm de gon plas espesial pou ou Bon lanmou fè'm pat janm pè verite sou tanbou Yo di bèl fanm bèl malè Pou sa ke'm wè kounya mwen kwè Ke sa se vrè Pat janm fòse'w, pat janm kritike'w Ni'm pat janm kriye nan pye'w Lon fanm pron desizyon li toujou pase a lòt solisyon Si'w te deside pou kontre avèm bab pou bab Pa tap gen rezon pou younn ap gade lòt anba tab Destine pa't gen anyen pou wè ak sa Se jalouzi lòt ki ba'w direksyon pou tonbe anba Rete avè'w se sèl sa ke'm te konnen Chagren pa dwe egziste nan renmen Demen pou'w pa di si'w te konnen Tout rèv mwen se pou'n kenbe men nan men Wale kite'm nan yon kwen Nan tan pou'w tounen map byen lwen Se pa fòt mwen, si'm pa tounen Se pa fòt mwen, si nou pa ka rive pi lwen Ouuuu Mwen pap kache'w Desisyon sa toumante'm Li fè'm pa gen dòmi nan zye'm Tanpri souple mande'w pou padone'm Si'l fèt pou ou Lap ret pou ou Sa'w vle bondye vle'l pou ou Kwè'm si'w vle men pa janm doute Sa bondye sere pou ou Love se lajwa la peine Lanmou la haine Ou damou apènn Ou gen pou apprann sa lanmou ka fènn Dlo dou sou e menm fou Maladi damou fò'w koukou Mwen menm tou So si'l vle ale kite'l ale Vle babye kite'l babye Men pa janm kite'l wè wap kriye Wap blaze Sa se pawòl OG Lè wap soufri yo ri Kounya meda'm yo di I love you se jis twa mo ki Pèdi sans yo, fanm pèdi womans yo Yap parye nan vi nèg e nan vi nèg yo pèdi chans yo Si'l remen'w lap back pou kont li E si'l pa renmen'w kite'l fè back pou kont li Kontinye devan Wap jwenn yon lòt devan Se pou tèt sa nan lavi sa ou sipoze gen de plan Se pa fòt mwen, si'm pa tounen Se pa fòt mwen, si nou pa ka rive pi lwen Ouuu Mwen pap kache'w Desisyon sa toumante'm Li fè'm pa gen dòmi nan zye'm Tanpri souple mande'w pou padone'm Se pa fòt mwen, si'm pa tounen Se pa fòt mwen, si nou pa ka rive pi lwen Ouuu Mwen pap kache'w Desisyon sa toumante'm Li fè'm pa gen dòmi nan zye'm Tanpri souple mande'w pou padone'm
Sanatçı: Mafyozo
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:20
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Mafyozo hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı