mafyozo ti istwa (feat. style la classy) şarkı sözleri

Yèreswa m' deside pou m'ale nan sinema Lè'm rive m' rankontron nana ki gen gwo dada Gad anwo mwen gad anba Epi'm bal yon rega, mavanse souli m' te komanse bla bla Li di'm li rele Samora Jan'l te pale m' te gentan wè manmzèl son fanm kite sou sa Lamenm m' te Kòmanse gen espwa Li mande'm si'm te konn fè chacha M'te di'l non m' pa konn fè bagay konsa Deja mwen te santi'm delala Paske'm te dekonpoze anba yon ti tafya Li swiye figi'm avèk yon mouchwa Mwen te Santi pat genyen lwa Ki ka fè'm pa gen viktwa Son bèl fanm konsa Yeah! Yeahhhh Hmm, Ahhh Yeahh Eeee Yeahh Ehh Pa kite'm Aprè sinema mwen t' envite'l al nan Skah Sha Pou nou tal danse yon ti konpa manba Aprè sa m'te di'l an al fè sa Li dim Sam pansel Ye a se pa sa Lè manmzèl finn di'm li pa yon awona Mwen pat gen lòt opsyon ke ret baba Chans pou mwen manmzèl pat manke m' dega Twa mwa pita li di'm li bezwon solda ki ka bay dola Te di cheri m' prè pou'm viv la vida loka Nan ti randevou Chak swa Pou kouche anba dra M'pat janm an reta Paske depi chat pa la rat bay kalinda Ou met di m' se kòd gita Mwen ta vle pou bagay la dogita Aswè a pou'm ka mete'w sou sa Yeah Hmmm, Ahhhh Yeahh Eeee Yeah Ehh Pa kite'm Detan Twa mouvman mwen tande'm fè dega Kounye a paran'w trete'm de ti avadra Vle pou m' mache sou pinnga Menm Jan avèk yon baka Yo di ke m' son ranvwa Yap di m'pat sipoze fon bagay konsa Mwen konnen'm son nèg ki pa nan fè pasipala Pouki paran'w paka akseptem avèk de bwa Lè m' te lekòl mwen pat konn loreya Menm konn lè mounn vle pase'm nan A A Si gen lanmou fòk gen lajwa Si'm trete'w tankon rènn, fò'w trete m' tankou yon wa Chak fwa m' gade nan yon miwa Li reflete de twa e mwa Ann sispann kache sou galita Pou nou ka viv lanmou nou avivwa Yeah! Yeah Hmm, Ahh Yeah Eeee Yeah Ehh Pa kite'm
Sanatçı: Mafyozo
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 3:44
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
Mafyozo hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı