nadjina a chak fwa şarkı sözleri
Couplet 1
Malgré tout sa'm eseye, sa pa janm mache,
Mwen toujou pran kou sou sou,
Tout lasen'n jounen map priye, rele bondye,
Pou li potem sekou,
Eske se chans mwen pa gen nan lanmou?
Mwen non penitans, bagay sa vle fè mwen fou,
Nan kouri chèche delivrans mwen pèdi souf,
Ant sèl e suk m'pa ka fè diferans, mwen pèdi gou,
Li pa normal,
Oui li fèm mal,
Li pa normal non, non
Pré-refrain
Nan tout relation m'pase,
Mwen toujou bay san konte,
Men Fwa sa, Wi fwa sa, mwen di c'est assez,
Mwen pap kite lanmou deside ankò,
M'sispann kriye, m déjà fè tròp efò, orrh orrrh
Refrain
Mwen bay tout kè mwen,
A chak fwa,
Mwen bay tout vi mwen,
A chak fwa,
Menm pa janm jwenn anyen menm,
Mwen pa merite sa,
Couplet 2
A Chak fwa pòt kè'm ouvè mpè pou lanmou antre,
A chak fwa M'tante komsi nan lesprim li ante,
Anpil bel jès, bèl pawol Men se jwe lap jwe,
Lanmou dwol, li fèm folle a chak fwa'l prezante
Twop move chwa tromatizem fèm pè rekomanse
Chak bèl moman bèl rankont sa fè Kè'm sote,
Plus Mwen damou mvlel reciprok, mpaka metrizel,
Si pwoblem nan se nan mwen li ye dim kisa poum fè poum chanje,
Pré-refrain
Nan tout relation m'pase,
Mwen toujou bay san konte,
Men Fwa sa, Wi fwa sa, mwen di c'est assez,
Mwen pap kite lanmou deside ankò,
M'sispann kriye, m déjà fè tròp efò,
Refrain
Mwen bay tout kè mwen,
A chak fwa,
Mwen bay tout vi mwen,
A chak fwa,
Menm pa janm jwenn anyen menm,
Mwen pa merite sa