r smith dieu fils şarkı sözleri
Tankou yon poul
San bat zèl li li jis fèmen je l
2 bal nan kou l
San pale nanm li vole kite l
Solèy li potko menm kouche
Ni li pat janm gen plan domi bonè konsa
Nan yon mwa l pèdi manman l ak tout papa l
Malgre sa l te toujou gen espwa
Li te fè tout sa sosyete a mande l
Lekòl, inivèsite
Nan goumen pou kreye avni l
Yon nèg ak zam retire vi l
Tankou yon poul
San bat zèl li li jis fèmen je l
2 bal nan kou l
San pale nanm li vole kite l
Tbloo mouri san l pa prè
Dieufils peye sa l pa fè
Mete w ajenou 2 bwa dèyè tèt ou
M pwal fè w peye sa m tande sou ou
M pap menm bezwen pwèv m ap tou pete tèt ou
M a mennen ankèt lè w fin ‘'kill'' ou
Sa son reyalite (Nan peyi m)
ou kalifye pou w mouri depi yo akize w
Ou ka tonbe
(nan peyi m)
Jis paske w gen resanblans yon moun y ap chèche
Bo isit la ankèt mennen (mennen)
cprè w fin jije epi kondane (sevre)
Gen de zòn ou soti lè w nan lari ou ka mouri si yo wè kat idantite w
Tankou yon poul
San bat zèl li li jis fèmen je l
2 bal nan kou l
San pale nanm li vole kite l
Tbloo mouri san l pa prè
Dieufils peye sa l pa fè
Hmm hm hm
Hm hm hm
Hm hm hm
Hm hm hm