r smith si w ale avan şarkı sözleri

M ap cry m ap preske die tou Si w trepase avan m m ap still jalou Lè m wè yo pwal benyen w toutouni Lè m wè se ak lanmò sèlman ou pral souri M ap lèse w chwazi sèkèy ou E se ou menm m ap fè achte kouròn ou Pou m ka montre tout moun ki pat kwè l Kòman menm nan lanmò w eksepsyonèl M ap mande bawon lakwa pou l mete w rèn Pou w ka toujou gen menm grad lè w te vivan Dlo je m va lave kavo w lè souf ou etèn M ap mande Jaja mete w nan plas devan Si w ale avan mwen W a di Bondye voye pran m tou Si w mouri avan mwen M ap mouri kanmenm W ale pou 1 m ap swiv ou pou 2 Paske m te kondane pou mwen swiv rèv mwen M pap kyè menm si lavi an ta boude Si l ta anvi kenbe m pou m jwi tout zèv mwen Sa sa ap itil mwen pou m rete viv sou latè Si w travèse avèk tout sans lavi m anba tè? Fi pap wè m paske m ap manke moso Se tout nanm mwen ak kè m k ap kolboso Aah M ap egzije yon dèy mondyal nan memwa w Pou w ka toujou gen valè w te gen vivan M ap mande Bondye tou avan l resevwa w Pou li pran m n a tou prezante l koup nou an Men si se mwen k ale avan w Ou mèt viv (viv pou mwen) Si m mouri avan w ou mèt renmen (Oh oh oh oh) Si m pèdi souf avan w ou mèt kite m (ah ah ah) Ki te m ale bb M prale an pè si m mouri nan bra w
Sanatçı: R Smith
Türü: Belirtilmemiş
Ajans/Yapımcı: Belirtilmemiş
Şarkı Süresi: 4:16
Toplam: kayıtlı şarkı sözü
R Smith hakkında bilgi girilmemiş.

Fotoğrafı