sakreman ensekirite (feat. toby anbake) şarkı sözleri
WOu wou wou wou wou wou
Sakre Sakre
Yeah
it's Toby
WOu wou wou wou wou wou wou
Nan yon chill nou kwaze
M te vinn pran yon bagay pou m ale
Dizon m te vin n pou m kraze
Aparamman l te nan gou m
M fin goute m paka fon pa
Komsi yon kòd pase nan kou m
Woy! se komsi m te pèdi pari a
Pandan kè m ap pran 7 kout kòd
M ap site 7 Ave Maria
Pa gen pyèj ki pi mòtel
Ke sa w tann pou pwòp tèt ou
Lè w ap kontanple pwòp pèt ou
Li te dèyè kè, li te dèyè bras
Yon demon dèyè yon mas
Mwen la m ap swiv gwo kouran
m pat kon n si m ta pral pran nan nas
M bouke chèche w ou bouke fui'm
Ou dim plenyen twòp lè m pale
Ou te vle m k on bouke flè
Men m konnen w t ap jete m lè m fane
Dèyè' m ap koupe klou
Do m ap pran kout frèt
Dèyè m se chill dèyè m se fet
Dayè m kon n tout sa k ap fèt
Ou te fè m kwè se mwen sèl
Poutan te g on kanaval
Te chaje k ap ba w bannann
Ou menm w ap fè karavan
Yeah
Si m te konnen m pa t gad ow
Si m te konnen m pa t follow w
Nooo
Wa p fè m mont on vye syèl pa do ooo
Gad ow O o o
Si m te konnen m pa t vini
Avè w m ap viv on bad feeling
Oh girl ou fè tout sa ki nwi iiiii m
Si m te konnen m pa t follow Ooo
Chak saw pa konpran n s on pwoblem
M oblije fo n poèm
Se 2 moun malere
Ki met tèt yo n on bohème
Ou pran pase m mete devan m
M pa konn ki pye pou m leve
komsi m t ap danse nan 2 ban n
Mwen ba w men w mande m ponyèt
Ou met an kesyon sa m pwomet
At the end of the day
Se mwen k toujou pa onèt
Avan anyen w mande kite
Ou pa met zam nan tet mwen certes
Men sa a s on ensekirite
I don't know why
Ou toujou chèche si m wrong
E lè w pa jwenn anyen
Sa pa anpeche w boude kou kong
Nan tèt ou g on bagay m ap fè w
Bizaman m pi a l'abri matisan ke lè m ave w
Avè w m ap viv yon stress
chak jou s on nouvo tès
Ou pa bouke gate mood lan
Sou tout kontèks
M pèdi nan anbyans lan
Ou vire m ou tounen m just pou w montre m
ke se ou men m k ap mennen dans lan
Hey! Yeah
Si m te konnen m pa t gad ow
Si m te konnen m pa t follow w
No
Wa p fè m mont on vye syèl pa do ooo
Gad ow O o o
Si m te konnen m pa t vini
Avè w m ap viv on bad feeling
Oh girl ou fè tout sa ki nwi iiiii m
Si m te konnen m pa t follow Ooo

